HAITI cherie-Jacques Sauveur Jean-(WITH LYRICS)
NAN PEYAN’M SOLEY LEVE CHAK JOU, SE TANKOU’M TE NAN PARADI, POU JAN BEL FLE LANMOU BLAYI NAN KE` TOUT MOUN KAP VIV LADAN’L LI TE GEN CHANS POUL DEKORE AK PYE KOKOYE BO` LANME` BEL FLE` POUSE NAN CHAK SEZON, KI ANPECHE’M PATI KITE’L AYITI CHERI, ANDAN VANT OU M’ SANTI LET MANMEL OU’K NOURI’M CHERI POU BON JAN PYE MANGO, ROSINYOL KAP CHANTE CHERI, LANMOU AP BLAYI NAN KE’M POU OU LONTAN LONTAN LE’M TE PITI, AK TOUT TI ZANMI’M MAP PATI, MAP CHE`CHE CHIMEN LAKANPAY POU MAL TROUVE BON GOU LAVI. LE`N RIVE’N TROUVE ZANNANA BON JAN KANN KREYOL POU’N SOUSE, DLO KOKOYE SEVI’N DESE`TOUT BAGAY SA YO FE’M RENMEN’W AYITI CHERI MWEN PA GEN DWA TROKE’W MENMSI YAP BAN DYAMAN CHERI TOUT ZETWAL KAP BRIYE, TI ZWAZO KAP CHANTE CHERI, LANMOU AP BLAYI NAN KE’M POU OU KOUNYA M’ VINN GRAN MAPE CHANTE, BON TI CHANSON M’ LEVE’W BYEN WO PASKE’W PAT JANM SISPANN SOUTNI’M JOUK JOUNEN JODI KE MAP VIV AYITI CHERI, POU KOULE SYEL LA GEN LE` SOLEY AP LEVE BON JAN VAN KAP SOUFLE LE` SOLEY AK KOUCHE LANMOU AP BLAYI NAN KE’M POU OU AYITI CHERI, SE NOU TOUT MEN NA MEN KI POU SOVE’L JWEN SOLIDARITE KI POU SOUTNI’L LANMOU AP BLAYI NAN KE’M POU OU AYITI CHERI, POU KOULE` SYEL LA GEN LE` SOLEY AP LEVE, BON JAN VAN KAP SOUFLE LE SOLEY AP KOUCHE LANMOU AP BLAYI NAN KE’M POU OU
